Bon Fèt A Tout Fanm

Fanm, fanm, o fanm rapadou

Boubout mwen, bèsom, kòmansmanm

Nan kaye jounalye mwen chak jou

Chak jou se pou ou, se jou pa ou

Ou se nanm mwen, poto pitanmm

Mwen renmen ou chak jou

Chouchoum, mwen renmen ou.

 

Bèl fanm, bèl cheri, bèl bote

Ou nan kèm tout la jounen

Ou okipe nan nan lavi mwen

Ou se Princess mwen, gran Majeste

Ou se larenn mwen, yon gran sous

Fanm, fanm, o fanm dous

Oksijèn mwen, bèl dam mwen.

 

Fanm, fanm, kinanm mwen

Etwal nan syèl, lalin lavi mwen

Ou se yon poupe orijinal, bèl fanm

Ou se moun ki konn naje, e rame nan lanm

Ou se yon fanm ki byen akonpli nan la Bib

Fanm, fanm, o fanm sansib

Ou se solèy kap klere palmis mwen an.

 

Wi ou se yon fanm natal fondamantal

Anj gadyen mwen, sent vyèj mwen, ala ou bèl

Lavi pagen oken sans san ou, chouchou

Ou se trezòm, fanm, fanm, espwa mwen

Ou se kèm, rèv mwen, nanm mwen

Fanm, fanm misterye, mwen damou ou.

 

P.S. Tradiksyon "Joyous Women’s Day"

Ki ekri Pa Hébert Logerie

Copyright © Mas 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève

Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

 

This poem is about: 
Me
My family
My community
My country
Our world

Comments

Additional Resources

Get AI Feedback on your poem

Interested in feedback on your poem? Try our AI Feedback tool.
 

 

If You Need Support

If you ever need help or support, we trust CrisisTextline.org for people dealing with depression. Text HOME to 741741