Sonnen Tout Klòch Pou Anivèsè Ou

Mwen pral sonnen tout klòch yo

Pou anivèsè nesans ou

Mwen pral sòti nan pòch mwen

Bèl bijou ki soti nan Bèl Ans pou ou.

 

Mwen pral akonpanye tèt mwen ak gita’m

Pou chame ou, chante pou ou, distrè e divèti ou

O! Wi, mwen pral klere tout lamp fanal yo

Pou resevwa ou kòm pi bèl renn nan vale an .

 

O! Se anivèsè nesans ou, syèl la pral  plen zetwal

Aswè a ou pral penpennen nan yon bèl rob kolore

Nan restoran an, ou menm ak mwen pral bwè bon diven.

 

O! Bèl lemina, zanmi pam, se anivèsè nesans ou

Se fèt ou. Mil bouke flè ap nan prezans nou

O! Bèl zanmim, pou ou, map envoke tout sen yo.

 

P.S. Tradiksyion de ‘Sonner Toutes Les Cloches

Pour Ton Anniversaire’ de Hébert Logerie.

 

Copyright © Desanm 2022, Hébert Logerie, Tout dwa rezève

Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.

 

This poem is about: 
Me
My community
My country
Our world

Comments

Additional Resources

Get AI Feedback on your poem

Interested in feedback on your poem? Try our AI Feedback tool.
 

 

If You Need Support

If you ever need help or support, we trust CrisisTextline.org for people dealing with depression. Text HOME to 741741